Rechercher dans ce blog

mardi 26 septembre 2017

Delege Zouzoun vle Bay Moun Tomond dlo.




 
Delege Zouzoun kase yon tradisyon. Si depi lontan yon delege te jis la pou siveye_rapòte sou zak Majistra yo ap poze, delege Zouzoun, devan konpòtman manfouben otorite Tomond yo, deside limenm bouske toupatou pou rezoud yon seri gwo pwobèm k ap brase bil kominote Tomond la.

https://www.mercaly.com/

Depi nenpòt dis (10) lane, abitan nan komin Tomond pa sispann plenyen pou zafè dlo ki vin pi ra chak jou. Si lontan moun te konn jwenn dlo pou bwè, wouze, fè manje agogo, depi kèk tan se yon kalvè pou w jwenn ti dlo pou pase swaf. Moun blije pafwa leve plenmennuit oubyen bonè nan maten pou al fè lakilbit nan ti sous dlo chaje ak mikwòb, oubyen apante kay an kay toutjounen pou wè  si yon ta jwenn yon ti gout dlo. Pandansetan Kolera ak lòt maladi moun pran nan dlo mikwòb pa sispann tayebannda nan komin nan. 

https://www.mercaly.com/

Delege Zouzoun, Tankou Manuel nan « Gouverneur de la rosée », te frape pòt gwo otorite yo nan vil la pou wè kouman yo ta amelyore sitiyasyon malouk sa a. Malerezman ni depite ni majistra pa t koupe l kout je menm alewè bay lespwa. Nan yon ti chita pale SOJETHO te fè ak Delege a, li te montre l vrèman estomake devan ensousyans ak manfoubinis otorite Tomond yo. Men malgre desepsyon, delege Zouzoun te jwenn sipò moral sitwayen Jhonson PERALTE, Ansyen delege Deronel BAZIL, SOJETHO, selon temwayaj li,pou te fè demach bò kote Remy RAPHAEL,responsab nan World Vision ak Delege Depatmantal la Marie Denise Bernadeau, nan lide pou te kapte de (2) sous dlo (Sous Dawonmen) nan zòn Kalfou Vèvè pou koupe swaf moun nan zòn sa ak moun ozanviwon yo. Konsa, World Vision ak Delege  Depatmantal la te kore delege Zouzoun epi bay bourad nesesè ak aktivite sa a jan yo kapab. Alèkile World Vision bay anpil bourad nan zafè dlo nan platosantral.
 
https://www.mercaly.com/

Enben, gras ak Delege Zouzoun, World Vision, Delege Marie Denise Bernadeau epi sipò SOJETHO e anpil lòt sitwayen konsekan, Kalfou Vèvè pral gen de rezevwa dlo ki ka bay nenpòt 7 mil moun dlo aprè 15 jou travay san pran souf. Yon responsab SOJETHO ki te souplas temwaye angouman moun yo pou travay sa a rive nan bout li e lamanjay tout moun jwenn chak jou sou santye a gras ak Delege Depatmantal la. Delege Vil tomond la konsyan tout moun alawonnbadè nan p ap ka jwenn dlo kòmsadwa. Men, li rete konfyan li ap atenn objektif sa a kanmenm yon jou.


https://www.mercaly.com/

Delege Zouzoun ( Rosena JEAN ) se yon delege depatmantal ki vin kase yon tradisyon . Li pa senpaman rete tann Majistra ak depite yo. Li mete kannsonn nan tay li pou l ede nan amelyore kondisyon lavi moun tomond. Objektif li se wè Tomond vin yon komin kote moun ka viv toutbon.

Wilson Archange Saint-Brun
Responsab Relasyon Piblik nan SOJETHO

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire

Come to join us at Mercaly

  Good morning Mercaly has just come to offer you some product that it has put online. We know you don't know much about us or what we...